Koneksyon...

Sere piti jodi, Genyen GWO demen

Sere selon plan w chwazi a chak jou, swiv tablo 100 jou w la, epi resevwa lajan w ak kado.

Tablo 100 Jou

Swiv evolisyon kaz ou yo vizyèlman.

Pèman Fasil

Kontakte Lorwilab pou rechaje balans ou.

Tout saw dwe konnen

Enfòmasyon ak Règleman sou pwogram 100JouEkonomi an

  • Ekonomi an fèt “ti pa ti pa” (1, 2, 3… jiska 100 selon plan an).
  • Kliyan an ka peye chak jou oswa plizyè jou ansanm nan tablo a kòmanse pa kontakte Lorwilab pou rechaje balans li.
  • Kliyan ka ekonomize pa Natcash ou MonCash (frè a obligatwa).
  • Tout depo dwe anrejistre nan kanè kliyan ak andan sistèm Lorwilab la.

  1. Tout moun ki chwazi yon plan dwe peye frè sèvis la obligatwa.
  2. Pou kalkile frè sèvis la : se plan ou chwazi a × dènye kantite pou 100 jou a.
  3. Frè sèvis la pa ranbousab.
  4. Si kliyan pèdi kanè a, lap bay 100 Gourdes poul ka jwenn yon lòt.
  5. Ekonomize chak jou pa obligatwa, men kliyan an dwe respekte total plan li chwazi a.
  6. Nou pap prete lajan, nou la sèlman pou ede w ekonomize.
  7. Nenpòt kliyan ki fini 100 jou a, san rate okenn jou, ap resevwa yon kado espesyal.

Responsablite Kliyan :
  1. Pou enskripsyon an kliyan an dwe bay yon pyès idantite l.
  2. Kliyan an dwe verifye Kanè li regilyèman.
  3. Kliyan pa dwe tcheke kanè a san se pa Lorwilab ki tcheke li.

Responsablite Lorwilab :
  • Lorwilab la pou byen pwoteje lajan ou, jiskaske 100 jou a rive pou remèt ou li, ak tout Kado a.

  1. Kliyan ka fè retrè aprè 50 jou, gen konsiderasyon aprè 15 jou sof si gen yon ka ijan.
  2. Si yon moun ap retire kòb li avan 100 jou a, li dwe anonse sa 3 jou avan.
  3. Lè kliyan fin ekonomize pandan 100 jou a, li ap resevwa total ekonomi li ansanm ak kado li.
Balans Entèn Ou

0.00 HTG

Plan: --

Objektif Tablo 100 Jou

0.00 HTG

0%0% Reyalize
Tablo 100 Jou w la

Men tablo ou a. Kaz ki vèt yo deja peye.

Poko Peye
An Atant
Peye Nèt
Istorik Tranzaksyon Ou Yo